Nan mond agrikilti a gen anpil aktivite ki fèt e yo chak mande yon atansyon patikilye. Aktivite sa yo divize an plizye branch chak branch sayo se yon sekte ki bay lamanjay nan peyi a. Avan nou ale pi loinn ann eseye konprann mo sa ki se agrikilti.
Agrikilti
Agrikilti sòti nan lang latin agricultura ki konpoze ak 2 mo agri ki vle di jaden epi cultura ki vle di kilti. Se yon pwosesis kote lòm jere ekosistèm yo ak kontwole relasyon plant ak zannimo yo, kote grenn objektif lan se kreye lamanjay pou sosyete a.
Mond agrikilti a genyen ladanl de (2) branch :
- Yon sistèm kilti kote yo itilize plizyè metòd pou eksplwate tè a pou pwodui lamanjay siw pa vle di sistèm kilti ou ka di pwodiksyon vejetal
- yon sistèm elvaj kote yo bay zannimo bon jan laswenyay nan objektif pou yo ka byen grandi pou vann osinon pou manje. Siw pa vle di sistèm elvaj ou ka di pwodiksyon animal
Ann Idantifye 5 kilti nan chak pwodiksyon
Pwodiksyon vejetal
- Òtikilti : Kilti kote yo pran swen jaden.
- Florikilti : Kilti kote yo pran swen flè pou vann, pou fè bèlte.
- Silvikilti : Kilti kote yo pran swen forè.
- Vitikilti : Kiltive rezen pou fè diven.
- Aborikilti : Kilti kote yo pran swen pye bwa.
- Egzanp: pye bwat chènn, pye pin. Lè yo rive nan matirite, yo vann bwa sa yo pou fè mèb.
Pwodiksyon animal
- Apikilti : Kilti ki gen pou aktivite pran swen abèy pou fè myèl.
- Avikilti : Kilti kote yo pran swen bèt volay.
- Akwakilti : Kilti ki gen pou aktivite pran swen bèt k ap viv nan dlo.
- Kinikilti : Kilti kote yo bay lapen yo bon jan laswenyay.
- Pisikilti : Kilti kote yo pran swen pwason.
- Sa se yon soubranch Akwakilti.
Nou rive idantifye senk (5) aktivite nan chak pwodiksyon. Sa pèmèt nou konprann ke anndan mond agrikòl la gen yon seri aktivite ki pwòp ak yo menm.